MISE EN CONTEXTE.
L’exécutif provisoire que je dirige, au 13 mars 2016, est déjà vieux d’une trentaine de jours. Les multiples rencontres avec les principales forces politiques, les acteurs de la société civile et les consultations avec les blocs politiques au parlement ont abouti à la nomination au poste de premier ministre de l’économiste Fritz Alphonse Jean. La ratification du gouvernement de consensus, qu’il a formé et de l’énoncé de sa déclaration de politique générale, représente une étape fondamentale dans la mise en œuvre de l’accord du 5 février 2016.
L’investiture du gouvernement, après sa ratification par les deux chambres, est préalable à la publication de l’arrêté présidentiel, portant redynamisation du conseil électoral provisoire, la toute première étape à la relance du processus électoral. Cette adresse à la nation, qui suit celle de mon investiture, se veut d’informer les différents acteurs des démarches entreprises à cette fin, et de leur réaffirmer de toute ma détermination à respecter les dispositions dudit accord.
Sitwayen , sitwayenn , konpatriyòt mwen yo ,
Jodi 13 mas la fè 30 jou depi mwen enstale kòm prezidan pwovizwa peyi a. Mwen te angajem sou kat eleman sa yo :
· Fe konsiltasyon avek tout sekte nan sosyete pou m fome yon gouvenman konsensis
· Fe demach bò kote tout sektè ki konsene pou mwen redinamize Konsèy Elektoral Pwovizwa a
· Relanse pwosesis elektoral la apre KEP ta fin evalye etap ki te gentan fèt yo
· Asire bon mach entitisyon ak administrasyon leta a pendan ti bout tan map fè sou pouvwa a.
Jodia nan transparans ak redisyon kont, mwen chwazi vin pale ak nou pou m bay explikasyon sou sa ki fèt deja.
GWO REMESIMAN POU NOU PEP AYISYEN,
Premye bagay pou m di se chapo ba pou nou menm Pèp ayisyen, pou bèl lapè ak stabilite politik nou kenbe nan peyi a. Se prèv konfyans nou fèm, kòm youn ki soti nan mitan nou. Mwen vle di nou mèsi anpil pou kompreansyon nou, pou pasyans nou ak matirite politik nou. Mwen konnen bagay yo pa bon pou nou, se sa ki fe mwen vle ale vit pou m gen yon gouvènman ki pou travay chache mwayen lajan pou kreye djòb e fè apèzman sosyal, pandan nap travay pou eleksyon kite komanse an 2015 kontinye nan pi bon kondisyon pou se moun pèp la chwazi kap gen pou dirijel.
GOUVÈNMAN KONSANSIS LA
Jan akò 5 fevrye a te prevwa l la, depi mwen fin enstale, mwen tanmen yon seri rankont ak tou sektè nan lavi nasyonal la pou diskite epi ranmase nan men yotou kèk pwopozisyon sou fason pou mwen chwazi ak nonmenyon premye minis ak mete kanpe yon gouveneman konsansis. Rankont sa yo fèt nan tout transparans, dyalòg nan lide pou te pemèt tout fòs politik ak fòs sosyal yo jwenn plas yo, e patisispe nan dinamik ki mete anplas depi 14 fevriye a. Apre plis pase 2 semen rankont, jounen jodia mwen gentan nonmen yon premye minis ki deja fòme gouvenemanl pandan lap tann 2 chanm yo pou fè deklarasyon politik jeneral li enpi kòmanse travay. Se moman tou pou m di tout kompatryòt kite patisipe nan rankont sa yo sa yo mesi pou kolaborasyon yo. Nou pa vle bliye pèsonn, men nou ka site anpe nan yo : G30, G8, PHTK, Fanmi Lavalas, Verite, Inite, Blok majorite nan chanm Depite a, Blok minorite nan sena a, RDNP, Platfom Jistis, Oganizasyon popilè yo, Sosyete sivil, Foròm Ekonomik Sektè prive a, tout moun alaronbadè.
KONSÈY ELEKTORAL PROVIZWA
Demach pou nou remete KEP sou depye militè l pa t kanpe. Jan Akò 5 fevrye a te vlel la. 3 jou sèlman apre mwen te fin enstale kom prezidan pwovizwa, mwen ekri tou 9 sektè ki te gen pou voye manm nan kep a dapre sa ki prevwa nan dekre electoral la, pou envite yo komanse travay pou deziye 2 sitwayen, yon fanm ak yon gason kom manm nan nouvo konsey elektoral pwovizwa a. Jounen jodi a tout sektè yo gentan fè sa. 9 manm kep a deja chwazi. M remesye tout sekte sa yo ki konprann ijans ki genyen pou respekte sa ki di nan akò 5 fevriye a. Nap tan sèlman entalasyon gouveneman an pou pibliye arete a epi enstale yo.
PEUPLE HAITIEN
La relance du processus électoral est l’un des grands objectifs de l’accord du 5 février 2005. Elle est indispensable pour une sortie définitive de la crise électorale. Il s’agit de compléter les sièges encore vacants à la chambre des Députés (27) et au Sénat (6), finaliser l’élection des organes des 140 collectivités municipales et réaliser l’élection des organes des 575 sections communales et enfin de compte les élections présidentielles. Elle exige la mise en opération du Conseil Électoral Provisoire qui attend le premier Conseil des Ministres pour voir le jour.
ANSYEN KÒLÈG PALMANTÈ MWEN YO
Akò 5 fevriye 2016 pa rekonèt ekzekitif la kòm sèl aktè ki genyen wol pou li jwe nan solisyon kriz ke Peyi ap travese . Nou menm tou nou konsene e nou gen gwo wol pou nou jwe.
Je sais que vous êtes très préoccupés comme moi par la situation du pays. Je n’ai pas de leçons à vous donner quant à la façon de faire votre travail de parlementaire. D’ailleurs lors de mon installation comme Président provisoire au Palais national, je vous avais invité à rester à l’écoute de la population et à accomplir les tâches pour lesquelles vous avez été élus, sans complaisance mais dans la tolérance et la complémentarité.
Et en ce qui me concerne, j’avais pris l’engagement de me hisser à la hauteur de mes responsabilités historiques afin de garantir le respect scrupuleux et absolu de la souveraineté nationale, de la constitution et des lois haïtiennes. Je suis fermement attaché à mes engagements. Et pour reprendre mes propres mots, je souhaite seulement vous rappeler que la séparation des pouvoirs républicains implique un cloisonnement, une rupture à l’autoritarisme et à l’arbitraire.
Dans ces moments difficiles, nous sommes tenus d’avancer ensemble. Je sais que nous sommes d’horizons politiques diverses, mais nous sommes tous des haïtiens. Ce qui revient à dire que les raisons qui nous unissent doivent être plus fortes et plus importantes que celles qui peuvent nous diviser. Je suis un parlementaire dans mon âme. Aujourd’hui encore, je suis appelé à assumer d’autres responsabilités qui m’obligent à être au-dessus de toutes les tendances politiques. Je ne suis plus le président du Sénat et de l’Assemblée Nationale, mais je suis le Président de toutes les tendances politiques et de tous les haïtiens.
Je vous invite donc à partager mes préoccupations concernant la détérioration des conditions de vies de la population. Je dois être politiquement neutre et j’espère que vous allez accorder le bénéfice du doute à tous les membres du nouveau gouvernement de consensus en accueillant favorablement l’énoncé de la déclaration de politique générale du Premier Ministre Fritz Alphonse Jean. Ce cabinet ministériel doit rester dans la logique de neutralité afin de garantir la confiance de tous les acteurs impliqués dans le processus électoral. On ne peut plus se payer le luxe de provoquer une nouvelle impasse politique. C’est le moment pour nous d’écrire une nouvelle dans l’histoire de notre pays. Ainsi, je fais appel à votre esprit patriotique afin de contribuer dans cette grande œuvre, qu’est la construction de la démocratie en Haïti.
Ayisyen , ayisyenn , konpatriyòt mwen yo ,
Se vre le mwen enstale kom prezidan nan yon moman te gen anpil boulvès nan lari a. Depi mwen rive, mwen fè anpil jefò pou leta rive bay sevis ak popilasyon a, malgre anpil monte desann, bouch louvri ant responsab leta, manm gouvenman demisyonè a ak ekip ki la jounen jodia . Nou fè fas ak gwo difikilte nan sèten ka, enkonpreyansyon kek otorite leta. Men nou rive nan dyalog, lespri, antan ak inyon nasyonal simonte barye ki te mete devan nou yo. Lè nou rive nan tèt peyia , nou fè fas ak 3 gwo defi : ensekirite a, pwoblem salte ki gen poul wè ak lapli kite tonbe nan depatman lwès, nò, nodès ak nodwès pwoblem secherès la ki ka lakoz 5 milyon moun menaseanba grangou, ensekirite alimantè.
Sou kesyon ensekirite a, mwen byen konsyan ke ensekiteremonte nan peyia. Gen polisye ak anpil moun nan popilasyon an ki viktim . Map pwofite salye memwa yo, anpatikilye polisye yo. Twop san koule nan peyi. Mwen deja fè divès rankont ak wo komandman polis la e mwen pase lòd pou gen bonjan mezi ki pran pou rezoud sitiyasyon saa. Deja gen divès mezi ki pran pou avan lontan lapolis rive kwape tout bandi kap simen dey nan mitan popilasyon an epi kreye ensekitite nan peyi a.
Sou lapli ak move tan yo, Depi plisyè semèn gen plis pase 10 mil moun ki viktim anba lapli ak move tan nan divès depatman pami yo lwès, nò , nodès ak nodwès . Mwen menm kòm prezidan , mwen voye plisye delegasyon nan okap ki travay ak otorite lokal yo pou rezoud plisye pwoblèm. Deja gen plisye tavay ki komanse fèt , sa ki pèmèt plis pase 4500 moun ki jwenn yon ti travay nan netwaye enpi fè lòt tavay nan vil la . Yon lòt kote gen travay ki pral komanse nan repare wout ki te kraze, kanal ki te bouche nan komin lenbe, limonad ak kapayisyen
Jodia Ministè agrikilti ap travay sou bò pal ak lòt patnèl yo pou prepare kanpay printan, yon fason pou ka gen manje nan peyi a. Nou te rate kanpay ete a akòz secheres ki te blayi nan pifò peyia, nou sot rate kanpay ivè. Gen preske kat milyon frè’n a sè,’n ki nan sa yo rele, nan gwo lang yo « ensekirite alimantè ». Nou pa ka rete ap gade, nou dwe tavay pou nou chanje situation sa ke popilasyon an ap viv la.
Anplis travay sa yo, leta ap tavay pou amelyore sitiyasyon distibisyon kouran . Gen dispozisyon ki pran pou pèmèt peyi a pa gen rate gaz avan lontan ak tou pou konpayi ke leta dwe ou pil ak yon paket kob rekomanse founi kouran. Menm jan tout, fok nou peye kompayi wout yo, pou travay ke yo komance yo ka fini.
Les dettes de l'État, vis-à-vis le PVDSA, pour les factures émises pour les mois d’août 2015 a janvier 2016, selon les données établies par le Bureau de Monétisation de l’Aide Publique au Développement (BMPAD) sont de l’ordre de quatre vingt treize millions de dollars américains alors que celles envers les entrepreneurs de travaux totalisent prés de cent vingt huit millions.
Ayisyen , ayisyenn , konpatriyòt mwen yo ,
Ansyen kolèg mwen yo ,
Map remesye nou anko poutèt nou fè m konfyans pou te mete m kòm prezidan peyi a, nan yon moman kote te gen anpil ajitasyon ak ensètitid. Men, se pa sèlman sa nou te genyen kòm responsabilite nan kad ako 5 fevriye a . Lòt obligasyon se pou dote peyi a yon gouveneman pou pèmèt mwen respekte 120 jou manda m lan. Poutèt sa map lanse yon apèl solanel bay palmantè yo pou semen sa pou jwe wòl pa yo. Gen apil moun kap soufri nan gran nò ak lòt rejyon nan peyia akòz gouvenman ki pa genyen .Yon fwa ankò map mande nou jwe wòl nou .
Aux Pays Amis d’Haïti, je vous réitère les propos que j’ai toujours eus au regard de l’Accord du 5 février c’est-à-dire mon scrupuleux respect de ses principales clauses.
Ayisyenn ayisyen , konpatriyòt mwen yo ,
Mwen deja gen yon mwa nan tèt peyi a , pandan mwa sa , pèp ayisyen montre li se yon pèp ki gen matirite . Map remesye nou pou pasyans ak patisipasyon nou tabli yon klima lapè ak estabilite nan peyi a . Dyalòg la ap kontinye , antant lan se li kap bon pou peyia .
tèt ansanm , nan konkòd nap vanse sou respè 120 jou akò a pou pèmèt yon prezidan eli tabli sou pouwaa 14 me 2016 la . Se vre gen reta , men nou ka ratrape reta yo ak bonn volonte tout moun .
vive le peuple haïtien, vive la transparence, vive la concorde nationale
Merci.