Note de Conjoncture
Reyaksyon ansyen Prezidan PRIVERT sou sitiyasyon peyi a nan okazyon 219èm anivèsè asasinay Jean Jacques Dessalines

Nan okazyon 219èm ane pou fè sonje asasina Anprè Jean Jacques DESSALINES, papa nasyon an, mwen vle lanse , anndan nòt konjonkti sa a , yon kout rèl patriyotik bay tout frè ak sè m nan klas politik la, pou fè gwo jefò sou mache prese ki genyen pou pèmèt peyi a retounen sou ray konstitisyon 1987 la.

Anviwon 40 lane apre diktati Duvalier a tonbe, lavi miyò pou tout moun ki prevwa anndan konstitisyon an, panko koupe swaf pèp la. Akoz chirepit nan mitan nou, lese frape politik, peyi a ap travèse youn nan pi grav kriz nan istwa l. Pandan 30 dènye ane sa yo ( 1994-2004-2024 ), Ayiti sibi plizyè debakman fòs militè etranje pou vin mete lapè,sekirite ak estabilite. Ze fele politik ak dèy-idamant sa yo mete sou katastwòf natirèl youn apre lòt ( 2010-2016-2021) , yo deranje baz pwodiksyon peyi a e agrave kondisyon lavi miyò popilasyon an.

Li lè li tan pou tranzisyon politik la fini

Sa fè deja 6 lane peyi a ap fè laviwonndede nan yon tranzisyon politik. Pandan 15 dènye ane yo ( 2010- 2025 ) , se yon sèl grenn eleksyon ki òganize nan peyi a . Jodi a , sila yo ki nan tèt peyi a se dasoman, ki vle di yo pa gen okenn lejitimite demokratik, yo chwazi an deyò règ konstitisyon an trase.

Tranzisyon ki tabli apre asasina Prezidan Jovenel Moise 7 jiyè 2021 an, se li menm ki pi long depi konstitisyon 1987 la egziste. Pa gen youn nan tranzisyon avan yo ki te depase 2 zan. Sa ki la jodi a sou wout pou gen 5 an. Jodi a, peyi a bezwen lapè, sekirite ak estabilite politik ki se kondisyon endispansab pou gen pwogrè ekonomik ak sosyal. Pou sa rive fèt, se sèl lòd demokratik ak konstitisyonèl la ki pou retounen.

Li dwe klè pou tout moun, kit se sila yo ki gen mayèt pouvwa a , kit se sila yo ki pa nan pouvwa, nou dwe konnen, misyon yon gouvènman tranzisyon se pèmèt konstitisyon ak enstitisyon yo retounen nan fonksyònman nòmal yo. Batay san pran souf aktè politik ap mennen pou kontinye tipas kout tranzisyon an dwe kanpe. Peyi a pa bezwen fè lòt eksperyans tranzisyon ankò, abraham di sètase, peyi a bezwen rekanpe sou ray

Retabli kondisyon sekirite nan peyi a

Kondisyon sekirite ak sikile lib e libè nan prensipal wout peyi a pou moun ak byen, toujou sèvi pretèks pou di eleksyon paka òganize. Poutan,se responsablite moun k ap dirige pou pran dispozisyon nan kreye kondisyon sou tout teritwa pou eleksyon fèt. Mwen pran nòt sou vòt Konsèy Sekirite Nasyon Zini nan dat 30 septanm 2025, ki adopte rezolisyon 2793 ki otorize yon fòs entènasyonal pou vin mete dlo nan diven gang yo l ap fè sosyete a monte lesyèl pa do. Si nou ta dwe rekonèt gen posiblite pou desizyon sa a nan kontèks n ap viv la a , alaverite se responsablite dirijan pou mete lòd e rann fòs nasyonal sekirite ak defans yo pi pwofesyonèl , nan bayo mwayen nesesè pou fè fas kare ak tout defi k ap vini pi devan. Se responsablite dirijan yo toujou pou sispann enjerans dwategòch k ap fèt nan jesyon enstitisyon , menm jan ak tout mank e melanj ki bay gwoup kriminèl yo jarèt sou leta.

Òganizasyon eleksyon

Palman an, depi 2e lendi janvye 2020 pa kanpe sou anyen , se ajan egzekitif enterimè k ap dirije meriri yo . Yon Konsèy Prezidansyèl 9 manm, depi mwa avril 2024 , ap egzèse wòl Prezidan Repiblik la. Mòd gouvènans sa a ki pa prevwa okenn kote nan konstitisyon an, pa jwenn konsantman anpil moun nan klas politik la. Priyorite a pa lòt bagay ke òganize eleksyon pou mete peyi a sou wout lejitimite l selon konstitisyon an, ofri peyi a yon meyè avni e remete Haïti nan mitan nasyon demokratik nan kontinan an. Eleksyon sa yo pa dwe nan pike-kole, yo dwe lib e libè, tout moun ladan l,san mannigans latwonpans pouvwa politik yon mannyè pou n pa tonbe nan w lòt kriz apre eleksyon

Dènye enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo vle fè kwè se eleksyon jeneral ki priyorite tou nèf nan tèt responsab yo. Fò n pa bliye, tantativ kèk tèt rèd ki gen lwa diktati ap danse nan tèt yo te vle bay peyi a yon konstitisyon manje ranje, yo fè drib la men balon pa t pase.

Pou kounye a , se klas politik la, sosyete sivil ak kominote entènasyonal la ki pou brase lide yon fason pou ane 2026 la kaba tranzisyon e retounen nan lejitimite selon konstitisyon an. Lè dirijan yo ,enstitisyon ak sitwayen yo deside mete eneterè siperyè nasyon sou tèt patipri ak kalkil fo mamit, Haiti ap soti nan katyaboumbe kriz agoch, kriz adwat la. Restorasyon sekirite,chante lantèman tranzisyon politik e òganizasyon eleksyon , se 3 poto mitan yon veritab transfòmasyon nasyonal k ap pote lespwa , estabilite ak diyite pou pèp ayisyen an.

Pòtoprens, 17 oktòb 2025
Jocelerme PRIVERT
57e Prezidan Repiblik Dayiti